Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 53 - yon jou avan kouché solèy
Chant D'Espérance

53 yon jou avan kouché solèy

1

Yon jou avan kouche solèy,

Anpil malad te rete la

Devan Jezi, nan gran doulè.

Aprè, yo ale avèk jwa.

Kè

Yon fwa ankò, aswè a tou,

Men nou pwoche bò Jezikri.

Senyè si nou pa wè kò ou,

Nou kwè ou isit an espri.

2

O Sovè, chase tout malè.

Gen pami nou moun ki soufran,

Gen lòt ki tris, ou nan mizè;

Lòt k ap soufri nan men Satan.

3

Lemonn twonpe jènjan,jènfi,

E yo rete ladan toujou!

Gen moun ki gen move zanmi,

Poutan yo pa vle vin jwenn ou!

4

Tout moun sa yo bezwen lapè,

Sove anba bagay ki fo.

Menn moun yo k ap swiv ou pi pre,

Santi peche anndan kè yo!

5

O Sovè Kris, ou se moun tou.

Lè, sou latè, ou te yon nonm,

Ou te grangou ak tante tou.

Ou konn sa ki nan kè lèzòm.

6

Men, ou toujou menm pisans,

Pawòl ou genyen fòs toujou.

Beni nou tou an abondans,

E aswè a vin geri nou.

← Previous song52O Gran Amou Kité Rachté-mNext song →Lévé, nam mwen, ak solèy la54