Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 138 - gen yon foua nan la vil David
Chant D'Espérance

138 gen yon foua nan la vil David

1

Gen yon fwa nan vil David la,

Nan yon etab pòv tou ba,

Yon manman kouche pitit li

Nan yon krèch ranje ak pay.

Se te Mari bèl manman sa a,

Ti pitit la se te Jezi.

2

Li te sòti jouk nan syèl la,

Li ki Bondye e Senyè,

Li desann jouk nan etab la,

Nan krèch la li te dòmi.

Jezi, Sovè nou, te vini

Fèt sou latè, pòv e janti.

3

E tout tan lè li te piti

Li te koute manman li.

Li renmen gade l e sèvi l,

Li te soumèt devan li.

Tout timoun yo ki vle swiv li

Dwe toujou soumèt e janti.

4

Jezi se modèl timoun yo,

Li te grandi tankou nou;

Li te bezwen moun okipe l,

Li te kriye, e l souri tou.

Lè nou tris, li soufri ak nou;

Lè nou jwaye, li kontan tou.

← Previous song137gen yon koté mwen kab pozéNext song →Gran matin nan jadin139