Bondye te montre m amou l
Depi twòn li nan syèl la;
Mwen te jwenn yon plas repo
Anba zèl amou li a.
M ape poze, poze,
Poze dousman anba zèl amou l,
M ape poze…
Poze anba zèl amou li a
(kè; pou tenò)
M ape poze, dousman poze
Anba zèl amou li a,
Poze anba zèl amou li a. (2 fwa)
2
Lè eprèv lavi frape m,
Lè syèl la parèt tou nwa
Mwen ka toujou jwenn repo
Anba zèl amou li a
M ape poze, poze,
Poze dousman anba zèl amou l,
M ape poze…
Poze anba zèl amou li a
(kè; pou tenò)
M ape poze, dousman poze
Anba zèl amou li a,
Poze anba zèl amou li a. (2 fwa)
3
A! si ou pa t janm beni
Avèk lapè nan kè ou,
Gen yon plas repo pou ou
Anba zèl amou li a.
M ape poze, poze,
Poze dousman anba zèl amou l,
M ape poze…
Poze anba zèl amou li a
(kè; pou tenò)
M ape poze, dousman poze
Anba zèl amou li a,
Poze anba zèl amou li a. (2 fwa)