Lè ou konnen bon Sovè mwen
Lè ou aksepte amou li,
Kè ou va chante avèk jwa,
Lè ou konnen Jezi.
Lè ou konnen l, (2 fwa)
W a renmen l menm jan n renmen l tou;
Kè ou va chante louwanj li,
Lè ou konnen Jezikri.
Jwa li va rejwi ou chak jou,
Limyè l va klere chemen ou,
E pwomès li va dous pou ou,
Lè ou konnen Jezi.
W a konprann mizerikòd li,
W a toujou santi lapè li
Lanmò p ap kapab fè ou pè,
Lè ou konnen Jezi.
W a wè li kondwi nan bon wout,
W a kite l kondwi ou chak jou,
W a rakonte tout sa li fè,
Lè ou konnen Jezi.