Annou chante ak tout kè,
Glwa pou Bondye, kreyatè.
Bonte li se pou toujou;
Li fidèl, li plen lanmou.
Annou anonse non li,
Wi, se li sèl Bondye.
Se li ki fè solèy la
Pou bay tout moun bèl limyè.
Bèt ak moun konte sou li,
E li ba yo tout manje.
Li beni pèp li chwazi
Nan dezè bò Sinayi.
Li genyen pitye pou nou,
Nan mizè ak feblès tou.
Annou chante ak tout kè:
Glwa pou Bondye, kreyatè.