Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 87

HAT

1Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!
2Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la.
3Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou:
4Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt.
5Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe.
6Seyè a fè lis tout pèp yo, li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm.
7Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: -Se ou menm ki manman nou tout.
Sòm 87

Share this chapter