Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 6

HAT

1(06:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (06:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
2(06:3) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.
3(06:4) Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
4(06:5) Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.
5(06:6) Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.
6(06:7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
7(06:8) Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.
8(06:9) Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.
9(06:10) Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.
10(06:11) Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.
Sòm 6

Share this chapter