Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 32

HAT

1Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo!
2Ala bon sa bon pou yon moun lè Seyè a pa mande l' kont pou sa li fè ki mal, lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye!
3Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn.
4Lajounen kou lannwit ou t'ap kale m', Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè.
5Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.
6Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo.
7Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'.
8Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
9Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo.
10Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.
11Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan, chante pou sa Seyè a fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan.
Sòm 32

Share this chapter