Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 28

HAT

1Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere.
2Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a.
3Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.
4Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.
5Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l' te fè ak men l'. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l' disparèt yo nèt alè.
6Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m' lè mwen rele l'.
7Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.
8Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'.
9Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.
Sòm 28

Share this chapter