Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 15

HAT

1Se yon sòm David. Seyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a?
2Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l' ye nan kè li,
3ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l' yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotaj sou vwazinaj.
4Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè.
5Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!
Sòm 15

Share this chapter