Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 130

HAT

1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
2Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
3Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
4Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
5Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
6N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!
7Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
8Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
Sòm 130

Share this chapter