Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 13

HAT

1(013:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (013:2) Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou?
2(013:3) Konbe tan ankò pou m' soufri? Konbe tan ankò pou m' gen lapenn nan kè mwen, pou m' gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m' yo va pilonnen m' anba pye yo?
3(013:4) Gade m' non, Seyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m' pou m' pa mouri.
4(013:5) Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan!
5(013:6) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen.
6(013:7) M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen.
Sòm 13

Share this chapter