Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 122

HAT

1Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.
2Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.
3Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.
4Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.
5Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.
6Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.
7Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.
8Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!
9Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.
Sòm 122

Share this chapter