Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 120

HAT

1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.
2Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.
3Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?
4Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?
5Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.
6Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!
7Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.
Sòm 120

Share this chapter