Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Sòm 112

HAT

1Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!
2Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.
3Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
4Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
5Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
6Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'.
7Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a.
8Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo.
9Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.
10Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.
Sòm 112

Share this chapter