Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Malaki 4

HAT

1Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.
2Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.
3Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m' aji a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
4Pa bliye sa Moyiz, sèvitè m' lan, te moutre nou, tout lòd ak tout regleman mwen te ba li sou mòn Orèb la pou tout pèp Izrayèl la.
5Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli.
6Li gen pou l' fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.
Malaki 4

Share this chapter