Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Jòb 23

HAT

1Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2-Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'.
3Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.
4M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen.
5M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'.
6Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase.
7Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.
8M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou.
9Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi!
10Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife.
11M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch.
12Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.
13Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?
14L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.
15Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'.
16Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a.
17Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout!
Jòb 23

Share this chapter