Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Jeremi 45

HAT

1Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t'ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t'ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa:
2-Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesaj sou ou, Bawouk.
3Ou te di: Ala devenn pou mwen! Seyè a mete lafliksyon sou traka m' te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm!
4Enben, men mesaj Seyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Seyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. m'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè!
5Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!
Jeremi 45

Share this chapter