Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Ezayi 4

HAT

1Jou sa a, sèt fanm pral kouri dèyè yon sèl gason, y'a di l': -Nou ka bay tèt nou manje. Nou ka biye tèt nou. Men, tanpri, kite nou di se mari nou ou ye pou nou pa wont devan moun!
2Jou sa a, Seyè a va fè tout plant nan peyi a boujonnen ankò. Y'a grandi byen bèl, byen gwo. Tout moun nan pèp Izrayèl la ki pa t' mouri va kontan bèl rekòt tè a va bay. Sa va fè yo leve tèt yo.
3Lè sa a, moun ki rete nan sa ki te sou mòn Siyon an, moun ki va chape anba lanmò pami sa ki te lavil Jerizalèm lan, y'a rele yo: moun Bondye mete apa pou li. Bondye va kite yo viv lavil Jerizalèm.
4Lè Bondye va lave malpwòpte medam yo t'ap fè nan lavil la, lè l'a lave tout san ki te koule nan lavil Jerizalèm, Bondye pral rann jijman, li pral pini lavil la.
5Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.
6Lajounen, l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l' pou loray ak lapli pa fè l' anyen.
Ezayi 4

Share this chapter