Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
Font Size:16

Oze 3

HAT

1Seyè a pale ak mwen ankò, li di m' konsa: -Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l' ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l' menm jan mwen menm, Seyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.
2Se konsa, m' al achte yon fanm k'ap fè adiltè, mwen peye kenz pyès ajan ak sèt barik lòj pou li.
3Mwen di l'. -Ou pral rete avè m' atò, machè! Ou pral sispann lage kò ou nan dezòd. Ou pa pral kouche ak ankenn gason. Mwen menm tou, mwen p'ap nan kouche avè ou.
4Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.
5Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Seyè a, Bondye yo a, va fè yo chache l', y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Seyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l'.
Oze 3

Share this chapter