29 Te Gen Yon Fanm Kit E

1.
Te gen yon fanm kite, malad
Li pase douzan, li pa t kapab geri.
Tout kote l ale li pa t jwenn gerizon
Li vin kouche, pou li tann lanmò li.
 
Refren:
Pandan li kouche, li tande y ap pale
Gen yon sovè ki fè anpil mirak,
Li pran kouraj li di konsa:
Mwen gen espwa
M ap jwenn gerizon.
 
2.
Yon jou l leve, li te ale
Foul la anpil, li pa t kapab antre
Li te fòse l touche ròb Jezi,
Menm lè sa a fanm nan te jwenn gerizon.
 
3.
Pandan fanm nan touché wòb Jezi
Jezi santi li pa menm jan ankò
Li te kanpe, li foul la:
Mwen santi yon moun ki touche wòb mwen
 
4.
Disip yo reponn, yo di Senyè:
Foul la anpil kòman ou fè konn sa
Fanm nan parèt, li di: Senyè,
Se mwen menm menm ki touche wòb ou a.
 
5.
Fanm nan kanpe tou ap tranble
Jezi rete, li gade fanm nan;
Li di fanm nan: Ou gen lafwa,
Avèk lafwa ou, ou jwenn gerizon.