47 Sipoze Bondye Te Chèche Nan Syèl

1.
M Sipoze Bondye te chèche nan syèl
Li pa te jwenn pèson kite vle
Aksepte pou l fè yon sakrifis konsa
Pou l te bay vi l pou te sove mwen ak ou.
 
Kè:
O! Si se pat pou yon plas
Yo rele mòn kalvè
E Si se pa te sou bwa lakwa
Si se pat pou nonm sa  yo rele Jezi a
Wi pou toujou mwen menm ak ou ta pèdi.

2.
M si kontan li te aksepte bwè koup anmè
Malgre priyè pou te fè l pase lwen l
M si kontan li pa t rele zanj nan syèl yo
Pou vin wete klou k  t ap toumante men l yo.