1.
Senyè Bondye, mwen sezi nan prezans ou
Lè m wè monn sa a
Se men ou k te kreye l,
Zetwal yo la, mwen tande loraj gwonde;
Se pisans ou tout linivè montre.
Refren
Nanm mwen chante nan ou
Bondye pisan:
Ala Ou gran! Ala Ou gran! _(2fwa)_
2.
Lè mwen sonje, Bondye bay sèl pitit li
Pou l vin mouri, se sa ki touche kè m
Sou bwa kalvè, li pote tout fado mwen,
San li koule pou wete tout peche m.
3.
Lè Kris parèt, zanj yo va admire li
L a pran m nan syèl nan rejwisans toutan;
M a pwostène nan pye l pou adore li,
E pwoklame : Bondye ala ou gran!