23 Senyè Mwen Mande Ou Fòs

1.
Senyè mwen mande ou fòs
Pou m reziste nan konba _(2 fwa)_
Mwen vle rele fidèl
Jan ou vle mwen ye nan konba. _(2 fwa)_
 
Refren:
Lè lespri mwen ta boulvèse
Mwen pa pè mwen konnen m asire nan konba. _(2 fwa)_

2.
Pran feblès mwen ban m fòs ou
Pou m ka lite nan konba _(2 fwa)_
Mwen vle swiv ou e ale
Kote ou vle nan konba _(2 fwa)_
 
3.
Senyè kenbe m fèm
Pou mwen pa trouble nan konba _(2 fwa)_
Ou te di mwen tout sa genyen pou rive,
Nan konba _(2 fwa)_
 
4.
Nan moman sa nou ye
Si nou pa kenbe ou sa n a fè _(2 fwa)_
Nou vle rete fidèl
Pou n ka kouwone aprè konba _(2 fwa)._