57 Sa fe sink mil ane pase

1.
Sa fè senk mil ane pase Noye bati lach la
Bondye di: M ap voye yon delij
Pou detwi latè.
Zannimo antre andedan, betizè yo mande
Si Noye panse fè lach la sou tè sèk derape.
Ak fanmi li, Noye antre, Bondye fèmen pòt la
Syel la vin sonm, Zekle pete
Pasyans Bondye kaba.


Ala yon lapli ! _(2 Fwa)_
Li tonbe pandan karant jou
San li pa rete ditou, ditou,
Ala yon lapli ! _(2 Fwa)_
Men lach la vwayaje toujou;
Ala yon lapli!

2.
Moyiz ale sou lòd Bondye
Bay pèp la libète,
Wa Ejip deklare : Mwen p ap kite esklav ale
Banboch nan dezè a,
Pwiske yo tout parese,
Olye mwen lage yo,
M ap fè travay yo redouble.
Moyiz reponn ou pral soufri
Men Moyiz pa te pè
Li kanpe bò rivyè a l leve baton li anlè.


Ala yon lapli ! _(2 Fwa)_
Sotrèl, krapo, mouch, pou, ak grèl
Grengole ou lejip sot nan syel.
Ala yon lapli! _(2 Fwa)_
Farawon pa t kab sipòte l.
Ala yon lapl !

3.
Nan tan Eli an Izrael lè Wa Akab renye,
Sechrès te rèd, twazan edmi,
Lapli a pa t tonbe,
Akab banboche sou Kamèl, lè Eli t ap priye
Sis fwa, nanpwen anyen,
Men Eli pat dekouraje,
Byento yon ti nyaj paret,
Eli te pran kouraj li di Akab:
Ou dwe pare pou yon kokenn lapli.


Ala yon lapli! _(2 Fwa)_
Syèl la tounwa, dlo a te frèt;
Akab rann kont se te yon jwèt;
Ala yon lapli ! _(2 Fwa)_
Lè li rive li mouye nèt
Ala yon lapli!

4.
Anvan Jezi tounen nan syel kote li soti
Ak onz apot yo li promennen jouk nan Betani
Li di: lè m rive nan syel
M a voye sentespri a
Donk rete Jerizalèm
Jouk pisans la vini.
Sanven disip nan chanmòt la t ap veye e priye
Yon van sibit sekwe kay la
Benediksyon vide.


Ala yon lapli! _(2 fwa)_
Bondye voye Sentespri li,
Yo Preche chak moun nan lang pa li
Ala yon lapli! _(2 Fwa)_
Mesaj gate nan tout peyi
Ala yon lapli!