1.
Pawòl Bondye di nou:
Lè Kris prèt pou l vini
Lanmou va refwadi;
Anpil fwa va branle
Peche va ogmante,
Lè syèk la pral fini,
Malgre sa, pechè pa
Janm repanti
Refren:
Jezi ap vin maten,
Midi ou a minwi
Tout mò ki nan Kris yo
Va tande twonpèt la
Yo va resisite
Pou yo ale nan syèl,
Kote k p ap gen lanmò,
Se viv toutan.
2.
Traka isiba yo
Ranpli kè nou ak krent,
Jouktan nou fin bliye
Tout byenfè Bondye yo
Imilye nou pou n
Sòti anba chatiman,
Fòk nou kretyen
Pou nou vi n pèleren.
3.
Eprèv yo va fini
Lè nou monte anwo,
Nou va jwaye toutan
Lè nou ale nan syèl,
N a bliye tout sousi,
N a di lemonn adye
pou n ale jwi bon`e
Ki p ap fini.
4.
Nou tout te kondane,
Jezi fè nou pwomès
Si nou vle kenbe li,
Nou va jwenn delivrans
Pwomès la akonpli
Sou lakwa kalvè a.
Nou di mèsi Senyè
Pou lanmou li.