79 Otrefwa-m te kouche

1.
Otrefwa m te kouche,
Je louvri m t ap panse
Ak kòmannman Jezi
Te bay disip li yo
Mwen te santi lè sa a,
Yon gran transfòmasyon
Yon rivyè t ap koule
Nan je mwen.

Kè:
Jezikri aprann nou,
Nou dwe gen tèt ansanm
Pi gran Kòmannman an,
Se pou youn renmen lòt
Ak tout fòs ak tout kè
Padone frè nou yo
Pi gran Kòmannman an,
Se pou youn renmen lòt.

2.
Ann aprann padone
Tout frè ak sè nou yo
Menm lè yo meprize w
Bon papa a padone yo
Pa kriye, pa plenyen,
Reziye ou frè mwen
Soufrans lan di se vre
Pran Kouraj.

3.
Pataje ak frè ou
Tristès li ak penn li
Se sa Jezi mande
Pou nou yon soufri pou lòt,
Pa imilye frè ou pa imilye sè ou
Nou tout en jeneral se pousyè.