1.
Mwen sonje gen yon jou
Kijan mwen te malad
Doktè te di konsa
Li pa kwè m ap sove
Paran m yo tande sa,
Yo tout te pran krye
Men Jezi te pale nan jou sa a.
Kè:
Mwen pa kapab bliye, bliye jou sa a
Kòman pou m ta bliye jou sa a
Jou m te jwenn soulajman
Pou nam mwen
Glwaradye! _(2 fwa, 4 liy)_
2.
Lè mwen pavt gen Jezi
Kè mwen te toujou tris
Mwen pa t kapab manje,
Mwen pa t kapab dòmi
Lè m rankontre Jezi
Tout bagay te chanje
Ala yon bon zanmi se Jezi!
3.
L mwen te nan`lemonn
Mwen toujou t ap kriye
Peche mwen yo te wouj
E t`t mwen te chaje
Chak jou mwen te leve
Pwoblèm agoch, adwat
Mwen te remèt lavi m bay Jezi.
4.
Jodi a si gen moun
Ki poko gen Jezi,
Kouri vit aksepte l
Paske lè a rive
Nan Jezi gen lavi,
Nan Jezi gen yon lèt k ap koule.