1.
Mwen se temwen Jezikri
M ap obeyi li
Lemonn pa ka bay lavi
Se sèl Jezikri.
Mwen vle konsakre lavi m
Pou m fè sèvis li
Tout byen m gen sou latè
Se pou travay li.
Kè
O! Wi pou w temwen
Fò w konnen Jezi,
Ki mouri pou nou;
Lòm pa kapab jwenn Bondye
San l pa jwenn Jezi
Alelouya! m te pèdi
Men m twouve lavi.
2.
Abraham papa lafwa
Bib la di nou sa,
Anvan Abraham te la
Jezikri te la;
Jezikri pa t janm pa la
E l ap toujou la
Pouw gen lavi etènèl
Fòw nan Jezikri.
3.
Lè m kwè m te prè Jehova
Poutan m te byen lwen,
Mwen t ap chèche verite
Tout kote m pase;
Tout pouvwa pou Jezikri
Ki fè m wè erè m
Se li ki laverite
Pou letènite.
4.
Senyè Bondye twa fwa se
Ki gen tout pouvwa
Ou ki voye Jezikri
Vin mouri pou nou
Nou ba ou remèsiman
Pou bon sovè sa
Ki te bay lavi l pou nou:
Jezi Wa tout wa.