1.
Mwen se pèleren e vwayajè,
Mwen p ap rete toutan sou la tè a
E mwen konnen avèk asirans
M ava wè Jezi nan syèl.
Refren
Ki gran jou! ki gran jou! jou sa a va ye
Mwen va ajenouye nan pye li
Pou m ba li tout onè l merite
Lè sa a kè mwen va ranpil avèk jwa
Lè m a wè m nan bra Jezi.
2.
Soufrans pa mwen se pou yon ti tan
Mwen pa plenyen pou pwoblèm lavi
Women chapit 8 vese premye,
Mwen pa gen kondanasyon.
3.
Plezi nan monn sa a p ap gare m
Richès nan monn sa a p ap ebranle m
Jezi deja fè mwen yon pwomès:
Plezi nan syèl la pi dous.