51 Mwen Kontan, Kouwòn Mwen Va Yon Etwal

1.
Mwen kontan, kouwòn mwen va yon etwal.
Lè m rive nan bèl pòt syèl la
M a gen yon boukè
E wout la va klere plis pou mwen.
 
Refren:
Travay pou kouwèn nan,
Bèl kouwòn nou an
Travay pou kouwòn nan,
M ava pote yon jou
 
2.
Kilè mwen va ale nan peyi byennere,
Kote gen rekòt pou toutan;
Kote ki va genyen anpil ouvriye;
Kote pwomès Kris la akonpli.
 
3.
E kòman pou m gen yon
Etwal nan kouwòn mwen ?
Eske se lè m rive nan syèl la ?
Mwen dwe travay pou non Kris la
Kounye a pou wa ki mouri pou mwen.