1.
Mwen genyen yon bagay
Ki fè kè mwen kontan
Anpil moun etone, pou wè
Kòman m kontan,
E m ap toujou kontan
Espwa m pa sou tè sa a
Daprè pwomès Bondye
Menm si mwen te grangou,
M pa t gen kay pou m rete,
M ape tann gran jou sa a.
Refren:
P ap gen pale franse
Konesans pra l fini, richès pra l disparèt.
P ap genyen gwo mesye,
Ni p ap gen gwo madanm,
Tout moun va menm bagay.
Lè Jezi retounen, li p ap vini chèche
Savan ak zotobre;
Sèlman li va bezwen
Moun ki fè volonte l,
Yo va men nan lamen.
2.
Pou ou kapab al legliz,
Fòk ou byen abiye
Sa k pa gen pou l mete,
Pa dwe chita kote w
Ou ranpli ak lògèy.
Sonje sa Kris te di
Gwo doktè Nikodèm;
“Si w ta vle gen lavi,
Fòk ou fèt yon lòt fwa,
Ou va wè gran jou sa a.”
3.
Anpil moun konvèti,
Yo pa chèche Bondye,
Y ape priye sèlman
Pou kay avèk oto,
Se bagay k ap pase.
Yo pa priye Bondye
Pou padon peche yo
fòk nou fè atansyon,
Paske kay ak oto
P ap rantre nan syèl la.
4.
Lasyans ape travay,
Malgre sa se nilman,
Sa k konn fè mechanste,
Ap vini pi mechan,
Syans pa ka bay lavi.
Lòm pa ka chanje lòm,
Se sèlman Jezikri
Menm si w te lougawou,
Ou te konn touye moun
Jezi kapab chanje w.