30 Mwen Gen Yon Bon Papa

1.
Genyen yon bon papa
Ki ka fè nenpòt mirak
Li konn geri malad
E li konn sove nanm yo
Li konn chase tristès,
E li resisite mò
Li padone peche
Nan pwen mirak li pa fè.

Refren:
Wi Jezi Sovè a,
Li ka fè tout mirak
Li konn geri malad,
Li konn chase demon
A a! Jezi Sovè a
Konn leve menm moun mouri
Menm tanpèt avèk van
Li genyen pouvwa sou yo.

2.
Yon jou li t ap mache,
Li rankontre dis lepre
Men lè yo wè Jezi yo rele:
Pitye pou nou!
Men yo te panse
Moun te ka lapide yo
Menm lè a kè l touche l,
Li gen konpasyon pou yo,
Li geri yo menm lè,
E yo vini pirifye.

3.
Yon jou l te sou lanmè
Avèk kèk nan disip yo
Yon tanpèt te leve,
Bak la prèt pou l chavire
Li leve men l anlè,
Li di van an fè silans
Van an te obeyi li
E lanmè a te kalme.

4.
Yon jou yo te Mennen ba li
Yon fanm adiltè
Men yo te panse
Li ta prale lapide fanm nan
Lè li gade fanm nan
Li genyen pitye pou li
Li di l mèt ale
Men pa fè peche ankò.