1
Ou bezwen Konnen
Koman Jezi te sove mwen?
Li te vin wete m nan monn egare
Mwen te gen lajan,
Men mwen pa t genyen yon bi;
Sete plezi, manje,
Byen bwè e mouri.
Jezi nan lanmou Li,
Te ban mwen apèl sa a:
Vin jwenn mwen,
Moun ki fatige e chaje;
M ava soulaje ou,
M ava pwoteje ou.
Pou tout pwoblèm ou
Mwen genyen vrè solisyon;
Ou va gen lavi, jwa
Lapè pou toutan,
Ou va gen espwa, lavi etènèl.
2
Mwen kite Satan
Pou mwen vin aksepte Jezi;
E depi lè sa a tout lavi m te chanje
Tout tristès mwen te ale
Lajwa te ranpli m.
Lajan m kounye a,
Mwen p ap pote li bay ougan;
M ap chita manje li
Avèk fanm mwen.
Lajan m kounye a,
Se pou travay Bondye;
Li pran sousi mwen,
Gade kijan m viv byennere.
Pwoblèm pa twouble m
Paske m gen Jezi.
Jezi vini, li ban mwen lavi. _(2 fwa)_