1.
Lemonn plen tristès ak mizè,
Kè nou chaje chak jou.
Jezi te pran tout fado nou yo
Sou mòn Kalvè pou nou.
Kè:
Li vle pran tout fado w yo pou ou
Bò Kalvè, bò Kalvè.
Li vle pran tout fado w pou ou
Li tou pre nou toujou.
2.
Lage tout chay ou sou Jezi
Kite krent ak sousi
PAske Jezi wete fado nou,
Sou Kalvè Li mouri.
3.
Nanm twouble, Senyè a konnen
Chagren ki nan kè ou.
Paske Jezi wete tout fado yo
Sou mòn Kalvè pou ou.