1.
Lè nou nan lamizè,
Akable, toumante,
Lè lavi nou boulvèse;
Lè nou pèdi espwa;
Lè tout bagay fènwa,
Lè nou pa wè devan,
Lè tristès nan kè nou,
Lè nou nan laflilksyon
Lè nou vle dekouraje
Leve je nou anle,
Epi gade Jezi
N a santi nou pi fò.
Refren
Jezi ! Jezi !
Tanpri ban nou fòs
Pou nou lite.
Jezi ! Jezi !
Si ou pa kenbe n
Nou va tonbe.
2.
Pafwa se tantasyon
Chak fwa nou vle fè byen,
Men se mal ki prezante,
Nou gen bòn volonte,
Men twòp difikilte
Fè nou pèdi lafwa
Pafwa se maladi,
Gen de lè se lanmò,
Elas! nou dezespere,
Si nou priye Jezi
Wise nan limenm sèl
Nou gen konsolasyon
3.
Sa vre nou vle travay,
E machje pou glwa li
Men nou manke fòs, kouraj
Lè eprèv yo vini,
Gen kote nou febli,
Malgre kalamite,
Malgre difikilte ;
Annou pa ebranle,
Annou priye Jezi,
Paske se limenm sèl
Ki ka ban nou lajwa.