1.
Lè nou nan dezè a
Lè nou gade syèl la
N ap sonje gen lòt kay
Papa n al prepare;
Si nou fè volonte l,
L ap ban nou yon kouwòn.
Refren:
Satan patisipe prèske nan tout bagay;
Si Jezi pa te la, di mwen sa mwen ta fè _(bis 2 liy)_
2.
Mwen santi m vle ale
Se pase m ap pase
Mwen pa moun isiba
Vwayajè wout mwen long;
Peyi m se nan syèl la;
Si Bondye ede mwen.
3.
Kamyon an trè chaje;
Gen lè l pra l chavire
Bato a pra l koule;
Jezi se vòl dirèk
Se nan li mwen konfye m
Se li menm k ap sove m
4.
N ap priye, Satan la;
N ap mache Satan la
N ap dòmi Satan la
N ap jene Satan la
Nan misyon Satan la
Satan nan tout bagay
5.
N ap jwaye, Satan la:
N ap preche, satna la,
Nan legliz, Satan la;
Nou vire, santan la
Nou tounen, Satan la.
Satan nan tout bagay.