1.
Koute vwa Jezi ki nan dezè a
L ap chèche mouton ki pèdi yo
Mouton ki egare lwen patiraj la
L ap fè yo rantre nan pak la
Refren:
Vini, vini, mouton ki pèdi yo
Vini, vin jwenn mwen
Bèje w ap chèche w
Men vwa m nan dezè a ape rele ou,
E de bra m louvri pou m resevwa ou
Vin jwenn mwen
2.
Sonje te gen 100 mouton nan pak la
Genyen youn ki te egare
Byen lwen nan mòn nan, nan vale a
Li te twouse pye l, l al chèche l.
3.
Li te kite katrevendiznèf yo
Pou l ale chèche yon sèl la.
E lè l te jwenn li. li te tèlman kontan
E sou zepòl li, li pote l.
4.
Sonje ti gason ki te pèdi a
Li te mande papa l byen pa l
E lè l te pati fin depanse yo;
Li te oblije retounen.
5.
Ou menm si ou vle vini jodi a tou
Konsa li va resevwa ou
Li te pote lòt la sou zepòl li
L a akeyi ou nan bra li.