1.
Kenbe fèm nan travay
N ap fè pou Jezi
Wout la pa fasil,
Fòf nou toujou soufri
Lè Satan ap fè ravaj li toupatou,
Mwen konnen Jezi la li va kenbe nou.
Refren:
Kenbe fèm jouk sa fini,
Kenbe fèm jou Kris vini,
Kenbe fèm piga ou lage
lè Jezi la ou p ap janmen fatige.
2.
Yon sòlda p ap janm touché
San l pa travay;
Fò l toujou rete fidèl nan tout bagay;
Fò l pa janmen rekile lè l nan batay;
Nou konnen aprè batay n ap gen viktwa.
3.
Jezi sere yon bèl kouwòn
Pou kretyen,
Ki toujou rete fidèl jiska lafen,
Va gen tout kalite kouwòn nan jou sa a.
Li ta byen pou nou ka pran tout kouwòn yo.