1.
Kè mwen boulvèse anba kolè Bondye,
Anvi monn nan trennen m nan bafon peche
Senyè pou yon pòv mizerab, gen pitye,
Touswit li vin sekouri m kote m te ye.
Kè:
Li retire m nan labou peche,
Li mete pye m sou tè fèm se vre,
Li fè kè m rejwi e m ap chante
Yon chan, glwaradye! Aleloya!
2.
Li te mete m sou tè fèm, bò kote li
Pye mwen vin asire nan chemen lavi,
Nanpwen danje ankò li kenbe m debou
M ap mache pazapa avèk li toujou.
3.
Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen,
Lannwit kou lajounen se li m ap chante.
Kè mwen ap debòde,
Nanm mwen delivre,
Tout glwa pou redanmtè Senyè Jezikri.
4.
M ap chante gran mizerikòd li pou mwen
Mwen vle selebre jouktan yon moun konnen
Nanpwen lòt Sali pou lèzòm Jodi a
Vin chache sekou li anvan li twò ta.