53 Jezu Mande Nou Ale Vit Preche

1.
Jezi mande nou ale vit
Preche bon pawòl la ;
Nou ta dwe obeyi li
Jiskan monn sa a fini.
 
Refren:
Ale, gaye toupatou
Pawòl Bondye lanmou an,
Se Kris ki mande ale preche
Pawòl la toupatou.
 
2.
Mande li fòs  rete fidèl,
E viv nan pisans li;
Konsa tout moun va kapab wè l
E resevwa gras li.
 
3.
Gen anpil moun tou ki deyò;
Kris vle yo vini
L ap mande nou pou voye moun;
Ransanble yo pou li