59 Jezi se ou menm ki sove-a

1.
Jezi se ou menm ki sovè a,
San ou menm mwen pa genyen lavi _(3 fwa)_

Refren
Yo panse fè mwen mal,
Mal change an byen
Se pou glwa Bondye manifeste _(3 fwa)_

2.
Yo pran m, yo lage m nan sitèn nan,
Pou m pèdi lavi materyèl mwen;
Jezi ki konnen sa li pra l fè,
Mwen kouri lage mwen nan bra li.

3.
Malgre mwen nan bouch delivrans mwen;
Satan vin pou l lage m nan lemonn
Jezi ki ranpli ak tout fòs li
Mwen kouri lage mwen nan bra li.

4.
Jezi, menm nan mitan brigan yo
Tou sa mwen fè yo leve kont mwen,
Si ou pa vire je gade mwen,
Brigan yo va lage m nan lemonn.

5.
Malgre mwen nan bouch delivrans mwen
Madanm Potifa vin po jete m;
Madanm Potifa kenbe rad mwen,
Mwen kouri lag vès mwen ba li.