1.
Gen yon non mwen renmen chante,
Se yon non mwen p ap janm bliye,
Paske se grasa li m sove,
Non sa a se non Jezikri.
Kè:
O wi mwen renmen Jezi! _(3 fwa)_
Paske Li renmen m avan.
2.
Gòlgota mwen p ap janm blie,
Se la Kris mouri pou sove
Tout pechè ki vle vin lave
Nan san Li ki koule la.
3.
M ape sere Pawòl Bondye
Nan kè mwen pou mwen pa peche
Kont Jezi ki te sove nou
Lè Li mouri pou nou.