26 Gen Yon jou Kap Vini

1.
Gen yon jou k ap vini,
Jou sa a p ap genyen chagren
P ap gen nyaj nan syel la,
Ni gwo dlo pou twouble je m
Va gen lapè pou toutan,
Nan bèl ti vil dò sa a
ki gran jou, jou gloriye sa va ye!

Refren:
Ki gran jou sa va ye,
Le m a rakontre Jezi
E mwen va gade figi l,
Li menm ki sove m pa gras
E li va kenbe men mwen.
Poul mennen m
Nan tè pwomès la
Ki gran jou, jou gloriye sa va ye!

2.
P ape genyen tristès,
Ni fado pou nou pote,
Ni maladi, ni doulè,
Ni pataj nan peyi sa a.
Va gen lapè pou toutan
Nan bèl ti vil dò sa a.
Ki gran jou, jou gloriye sa va ye!

3.
Ou men m ki san Jezi,
sa ou va fè nan jou sa a?
Men Jezi pral vini,
Pòt lagras la pral fèmen
Kòlè Bondye pral tonbe
Sou tout moun ki san Jezi.
Ki gran jou, jou gloriye sa va ye!