76 Gen moun ki konprann ale nan syel la

1.
Gen moun ki konprann ale nan syèl la
Se tankou pran panye ale nan mache,
Se pa bèl kay, ni lajan ak bèl oto.

Refren
Ale nan syèl se pa jan ou konprann nan,
Fò w met lafwa w na Jezikri
Pou ka ale nan syèl.
Ale nan syèl se pa jan w konprann nan,
Fò w met lafwa w na Jezikri, pou ka ale.

2.
Malgre n ap chante, malgre na p priye
Malgre n ap jene temwanye toulejou,
Epi gen yon moun ki mare sou kè nou
Eske nou se moun ki kwè nan Kris?

3.
Ou gen si lontan depi ou nan legliz
Kondwit ou fè wè ou pako ketyen vre,
Renmen an kachèt avèk lemonn yo,
Epi nou konprann pou n ale nan syèl.

4.
Ou genyen dwèt long; ou genyen lang long,
Ou genyen 2 madanm; ou genyen 2 mennaj.
S w antre nan yon legliz san konvèti
Ou p ap kapab antre nan syèl la.