24 Chak Fwa Mwen Fè Yon Bagay

1.
Chak fwa mwen fè yon bagay,
Mwen pa t pou fè,
Chak fwa mwen di yon bagay,
Mwen pa t pou di,
Kite m di ou sa mwen fè,
E nanm mwen va beni
Mwen kache yon kote pou m priye.
 
Refren:
Men wi mwen kache _(2 fwa)_
Mwen mande sovè mwen
Pou li dirije m;
Men wi mwen kache, _(2 fwa)_
Mwen kache yon kote
Pou m priye.
 
2.
Frè e sè nan Senyè a
Mete nou prè,
An nou priye pou nou kapab reveye,
Jezikri fè nou pwomès
Fòk li jwenn nou prepare
Apòt la di nou priye toutan.
 
3.
Chak fwa mwen fin lapriyè
Mwen vin pi fèm
Paske sentespri Bondye
Pale nan kè m
Nan Galat 5 vèsè 25
Moun k ap viv selon lespri,
Se pou yo mache selon lespri.
 
4.
Nan Bib la nou jwenn moun
Ki te konn priye
Pami yo nou jwenn
Moyiz ak Danyèl
Nan 1 Tesalonisyen chapit 5 vèsè 17
Apòt Pòl di nou priye toutan.