1.
Bondye voye pitit li l rele Jezi
Ki te vini pou padone
Li rachte nou
Epi li fè nou lib
Kounye a la a, li ak papa l
L ape tann nou.
Refren
Mwen konnen l vivan
M ap konte sou demen
Paske l vivan,
Enkyetid mwen ale
Paske m konnen, O, m konnen
Li se tout lavi mwen
M ap konte jou pou l vin n chèche m
Paske l vivan.
2.
Mwen aksepte tout sa ki rive mwen
Paske sovè m ap defann mwen
Jouden an mèt devan m
Kè mwen p ap boulvèse
Paske Jezi m nan pa mouri
E li vivan.
3.
Tout espwa mwen se sou li sèlman
Paske l di mwen l ap vinn chèche m
Eprèv nan lavi sa a
P ap fè m doute ditou
Bondye m nan gran e li vivan
M ape tann li.