1.
Bò pi Jakòb la yon jou le Senyè a
Rankontre yon Samaritèn
Ki vini pran dlo, Jezi mande li bwè
Fanm sila etone
Eske ou pa konnen
Jwif avèk Samaritèn
Pa gen okenn rapo,
Pa gen okenn relasyon;
Pouki ou mande mwen bwè.
Si ou te konnen ki don Bondye
E kilès ki di w bacli bwè
Se ou menm pito ki ta mande
E mwen Ta ba ou yon bon dlo;
Yon dlo ki pa p jan fini
E ki va dire nan lavi ou
Pou tout letènite.
Refren
Mezanmi tande mwen
Jwenn yon Nonm
Ki di mwen tout sa mwen fè,
Nonm sila se yon pwofèt
Eske se pa li menm ki Kris la!
Mezanmi tande mwen
Jwenn yon nonm
Ki di mwen tout sa mwen fè,
Nonm sila li se pitit Bondye
Se li menm ki Mesi a,
Li konnen tout sa ki nan kè mwen.
Sa se yon bagay ki mèvèye !
Li ban mwen yon dlo
Pou mwen pa Janm swaf.
2.
Lè fanm nan tande Jezikri
Kapab ba li yon dlo
Pou li pa jan m swaf,
Fanm nan etone pi plis
Li mande ki kote Ou
Va jwenn bon dlo ?
Tou de men ou vid
Ou pa gen anyen pou pran dlo
Eske ou pi gran pase
Jakob ki bay pwi sa a,
Ban mwen yon ti gout ladan n.
Jezi di fanm nan: kote mari w,
Ale chèche l epi vin jwenn mwen.
Fanm nan bay manti
Men, elas! Pa gen Pyès moun
Ki ka twonpe Jezi.
Ou di ou pa gen mari,
E poutan ou pase senk deja
E dènye a pa pou ou.
3.
Mezanmi tande mwen jwenn yon nonm
Ki ban mwen yon dlo
Pou mwen pa janm swaf _(bis 3 liy)_
Vini bwè dlo sa a
Epi swaf ou va pase.