1.
Avan l te monte nan syèl ale jwenn Papa l
Li te kite disip yo
Pou preche laverite.
Tout sa k, pa vle kwè levanjil
Deja kondane
Sa ki kwè nan Jezikri,
Prale viv nan syèl avè l.
Refren
Jou Jezi desann sou latè
Avèk lame zanj papa l yo
Yon moun ki pa la,
Ou p ap pran avyon avè l,
Jou Jezi desann sou latè
Vin chèche tout pitit li yo
Yon moun ki pa la,
Ou p ap pran avyon avè l.
2.
Levanjil preche gratis,
Yo pa aksepte l
Fòk nou pa konprann dènye
Jou a nou ka pran daso.
Lè avyon Jezi a prale,
Sa k p ap gen visa
Fòk nou pa konprann
Rakèt ka voye n ale avè l.
3.
Mak 16 vèsè 15 di nou :
Ale toupatou;
Al pote levanjil bay
Tout moun ki sou latè;
Sa ki kwè ki batize,
Se yo ka sove
Sa ki meprize levanjil,
Deja kondane.