1.
Ale, joli kolonm mesaje Bondye,
Ale, voye mesaj la nan zòrèy tout moun
Ale, nan Sinayi yo
Ale, nan Band-de-Gaza;
Ale bò kote Jwif yo avèk Arab yo,
Di yo li lè pou yo sispann trennen
Nan yon lavi kot chen ap manje chen
Li lè pou yo siyen yon trete de pè
Paske jistis Bondye a pa lwen pou l vini
Refren
Ale di yo sa, se Granmèt la ki voye w
Ale di yo sa,
Avni an kapab apokaliptik
2.
Ale, jis anro tèt tribin nasyonzini,
Ale, voye mesaj bay lemonn antye
Ale, pwofite pale ak gwo pisans yo.
Ale, di yo pou yo sispann frabrike zam;
Nan tyèmonn nan gen moun ki nan grangou
Gen timoun k ap grandi nan malsite
Ki pa menm gen anyen pou yo manje;
Di yo kilè dyalog Nò-Sid la va serye.
3.
Ale, nan tout azil, nan tout Sanatoryòm,
Ale, kote lavi a pa sanble ak lavi lòm;
Ale, kote k gen inosan k anprizone
Ale, di yo pran kouraj pèn yo pral fini
Ale pale ak tout botpipòl yo;
Tout moun yo frape poutèt ide yo
Di yo y a gen chans rewè peyi yo,
Paske jistis Bondye a pa lwen pou l vini.
4.
Ale bò kote Wa ak moun ki gen pouvwa,
Ale bò moun ki renmen wè espektak san.
Ale di yo Mouton Bondye a an kolè
Ale di yo jou sa a ki bò yo pral kache ?
Ale mache nan tout gran tribinal,
Kote jistis ap vann lajan kontan;
Di jij sa yo se pou yo repanti,
Paske jistis Bondye a pa lwen pou l vini.
5.
Ale nan O.M.S avèk nan F.A.O.
Ale di yo tyèmonn an konvalesans.
Ale kote lakwarouj entènasyonal;
Ale di yo men lavni monn nan an danje
Ale pale ak peyi OPEP yo
Ki ap monte pri petwòl la byen wo;
Di yo pou yo genyen pitye pou nou
Paske bidjè tyèmonn la deja fin kreve.
6.
Ale nan tout nayklèb avèk nan tout disko
Ale kote y ap pwofite twonpe jèn yo,
Ale pwofite pale ak gwo mesye yo
Ale di yo genyen pitye pou jenès la.
Ale mache nan tout gran bòdèl
Kote y ap eksplwate kò medam yo,
Di yo pa kontinye peche ankò,
Paske jistis Bondye a pa lwen pou l vini.
7.
Ale nan tout vale, nan tout mòn,
Nan tout plènn;
Ale konsole sila yo ki aflije
Ale kote pitit Bondye ap mouri grangou
Ale di yo pran kouraj yo va rasazye
Ale pale ak tout peyizan yo
Ki pa gen yon ti kal tè pou yo travay
Di yo annatandan y a pran kouraj
Paske jistis Bondye a pa lwen pou l vini.